|
|
|||
|
||||
OverviewLi pa t janm yon sekrè pou pèsonn, mete lang tout Ayisyen pale a, Kreyòl, lang nasyon an, chita bò tab la. Se te toujou youn nan pi GWO batay nan vi sosyal, kiltirèl, e politik peyi a!Se te tèlman yon gwo goumen, anpil konpatriyòt inosan te tonbe, e se te san nesesite. Batay la te fèt nan tout klas yo: anwo kou anba.Sa ki te pi dwòl nan sa, batay la t ap fèt se te pou ede ak fasilite klas defavorize yo. Sepandan, nan yon tan, se te yomenm ki te pote banyè opozisyon an.Anpil nan yo te konn di: Ou vle pitit nou pale Kreyòl, pandanstan, piti pa w yo ap toujou pale bon Franse ak jwenn bon travay.Yo pa t di manti -- Tout Prezidan, edikatè, pwofesyonèl, palemantè, doktè, fonksyonè nan peyi a se Franse yo te pale, anpil nan yo, jiskaprezan pale l malman, men! - Se yon alyenasyon ki te pran rasin depi nan lesklavaj.Atitid refraktè mas yo te pèmèt klas anlè yo bat bravo. - Men pòvdyab yo, yo pa t konprann; se pa te fòt yo. Se te fòt gouvènman yo ki pa te janm vrèman gen matirite entelektyèl pou yo te konprann, yon lang se yon zam pou tout aksyon. Tankou mwen pa p janm sispann di, Lang pa lanmè, men li kapab neye w. Antouka, apre tout goumen, jodi a, nou vanse rive! E san patipri, fòk nou jwenn kouraj remèsye Jean-Bertrand Aristide. Se limenm, antan Prezidan nasyon an, ki te pote lang manman li anndan Nasyonzini, epi tou devan lemonn. Kidonk, jodi a Kreyòl 35èm lang nan Nasyonzini. Nou pa p ajoute diplis, paske tout sa ki merite di anndan liv la. Sepandan, n ap di tout pyonye yo mèsi, an patikilye Christian Beaulieu avèk Doktè Yves Déjean. Inisyasyon Nan Kilti Ak Lang Kreyòl Ayiti: Pyonye Yo -- Bob Lapierre Full Product DetailsAuthor: Bob LapierrePublisher: IngramSpark Imprint: IngramSpark Edition: 2nd (2em Edisyon) ed. Dimensions: Width: 21.60cm , Height: 1.40cm , Length: 27.90cm Weight: 0.807kg ISBN: 9781088041734ISBN 10: 1088041736 Pages: 164 Publication Date: 24 August 2022 Audience: General/trade , General Format: Hardback Publisher's Status: Active Availability: Available To Order We have confirmation that this item is in stock with the supplier. It will be ordered in for you and dispatched immediately. Language: Haitian; Haitian Creole Table of ContentsReviewsAuthor InformationAndré Lapierre Pardo (a.k.a Bob Lapierre) se yon Tèspyen. Li ekri plizyè liv fiksyon: Drama, Kont, Istwa, Lejann, Fòlklò ak Mitoloji. Plis pase tout lòt bagay, li vle prezève ak konsève tout sa ki fè pati eritaj kiltirèl ayisyen. Eksperyans li se nan kreyasyon ak nan prezantasyon teyatral tankou drama ak pèfòmans sou sèn, premye klas epi fowòm kiltirèl an jeneral. Nan domenn teyat la, anplis de eksperyans sou sèn, Bob kolekte tout diplòm yo, AA, BA, MA, ak jiska Ph.D. Pi gwo rèv Bob se pou li te vin Minis Kilti nan peyi kote li te fèt la. Malerèzman, politik ak enkonpetans te detwi vizyon li.Li se yon Pwofesè. Li ekri liv pou anseye, pataje kilti ak istwa. Li prezeve sa ki neglije ak sa ki rejete pa ignorans dinamik. Li ekri liv timoun tou ki gen ladan yo istwa ki pi popilè pou jenn yo an Ayiti tankou TEZEN yon klasik etènèl, ak yon koleksyon liv kont tankou ""Bouki ak Malis"" ou ""Jan Sòt ak Jan Lespri,"" ak anpil lòt ankò, e pami yo: -The Ayitian Theater-Reclaiming Choukoun-Bonhomme Coachi: Faustin 1er-Senekè-Endepandans 1804-2004 -Savannah or Chasseurs Volontaires de Saint- Domingue - 1779.-Duvalier Toutouni / Duvalier Tout Nu -ak anpil lòt 'closet-plays' tankou Ebony: The Black Rose, a tale of Antwan Lan Gomye. -Comparative Linguistics (The birth of Creole -MALFINI-BYENFINI, epi kounye a: -Inisyasyon Nan Literati Kreyòl Ayisyen an (2èm Edisyon) Tab Content 6Author Website:Countries AvailableAll regions |
||||