|
![]() |
|||
|
||||
OverviewIstwa toujou bezwen yon moun ki pou komanse l. Nan Komansman Bondye kreye syel la ak te a. Apre sa Bondye chache jwenn yon moun ki gen ke ki dwat pou l ka kontinye istwa. Depi nan komansman jouk jounen Jodi a, te toujou genyen nonm ak fanm ki se moun Bondye ki chwazi kite tout bagay pou pou yo reponn ak apel Bondye. Apre tout rime nou fin tande sou nasyon sa, mwen kwe gen kek nan nou pami tout moun ki sou late k ap poze tet nou keksyon sa: sa k ap pase reyelman an Ayiti la? Jodi a, mwen ta renmen ede nou konprann reyalite nasyon sa. Bondye se repons nou, menm jan li te repons pou pep Niniv la ak pep Izrayel la le yo pa t konnen sa pou yo fe. Nan ane 1904, Galwa yo t ap pase nan yon moman ki te difisil anpil. Bondye toupisan an te fe pwovizyon pou yo, pou yo te kapab soti nan sa yo te ye a. Bondye te pete yon kokenn chenn revey espiriyel nan mitan yo tankou li te fe jou lapannkot la, konsa nasyon sa te komanse ekri yon lot paj istwa. Objektif mwen, gras ak sipo priye nou, se pou ekri lot paj istwa pou nasyon Ayisyen nan kapab soti anba grif ansyen lisife, zanj limye ki tonbe nan fe nwa a epi ki sere kle pwosperite nou nan fon lanfe depi plis pase desanzan. Menm jan le wa Neboukadneza t ap chache jwenn yon repons pou l te kapab konnen sa k gen pou rive, li te jwenn li anwo. Paske se Bondye ki te repons lan e se li ki toujou repons lan jouk jounen jodi a e pou tout tan gen tan. Enbyen, Pwoblem nasyon nou an e Pwoblem tout lot nasyon ki gen nan mond lan pa ni sosyal ni materyel, men se yon pwoblem espirityel. Nou dwe tounen vin jwenn Bondye paske li se repons lan. Mwen priye Bondye pou l kontinye beni nou epi pou l ban nou lajwa nan liv sa. Remesiman Mwen vle sezi okazyon sa pou m remesye fanmi m, an patikilye madanm mwen Myrlene ak pitit mwen yo, m ap di mesi tou ak chak fre m e se m an Jezi Kris pou sipo yo ban mwen nan moman mwen te plis bezwen l lan. Mwen mande Bondye toupisan an pou li beni nou nan tout sa n ap fe ! Mesi anpil ! Full Product DetailsAuthor: Odule BitolPublisher: Createspace Independent Publishing Platform Imprint: Createspace Independent Publishing Platform Dimensions: Width: 12.70cm , Height: 0.90cm , Length: 20.30cm Weight: 0.168kg ISBN: 9781514638477ISBN 10: 1514638479 Pages: 148 Publication Date: 09 July 2015 Audience: General/trade , General Format: Paperback Publisher's Status: Active Availability: Available To Order ![]() We have confirmation that this item is in stock with the supplier. It will be ordered in for you and dispatched immediately. Table of ContentsReviewsAuthor InformationTab Content 6Author Website:Countries AvailableAll regions |